1¶ (48:1) Chante sa a, se yon sòm pitit Kore yo. (48:2) Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a. 2(48:3) Ala yon bèl mòn! Li fè kè tout moun sou latè kontan. Sou mòn Siyon an, ki sou bò nò, se la yo bati lavil gwo wa a. 3(48:4) Seyè a rete lakay li, li fè konnen se bò kote l' yo jwenn kote pou yo kache. 4(48:5) Men sa ki te pase: Wa yo te mete tèt yo ansanm, yo vin atake an menm tan. 5(48:6) Lè yo wè l', yo sezi. Yo pè, yo kouri san gad dèyè. 6(48:7) Yon sèl tranbleman pran yo. Kè yo sere tankou yon fanm ki gen tranche, 7(48:8) tankou lè van nòde ap kraze batiman Tasis yo sou lanmè. 8¶ (48:9) Sa nou te konn tande moun di a, koulye a nou wè l' ak je nou nan lavil Bondye nou an, nan lavil Seyè ki gen tout pouvwa a. Bondye ap toujou pwoteje lavil la. 9(48:10) Nou rete nan tanp ou a, n'ap kalkile jan ou renmen nou, Bondye. 10(48:11) Se tout moun k'ap nonmen non ou, menm jan an tou, toupatou sou latè y'ap fè lwanj ou. Ou gen anpil pouvwa, men ou pa fè lenjistis. 11(48:12) Moun ki rete sou mòn Siyon yo kontan. Moun ki rete nan peyi Jide yo pral fè fèt, paske ou konn fè moun jistis. 12(48:13) Mache, fè tout tou lavil la. Konte konbe fò li genyen. 13(48:14) Egzaminen miray lavil la byen egzaminen. Vizite tout pòs faksyonnè yo, pou nou kapab fè pitit pitit nou yo konnen 14(48:15) se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba.